Kimoun ki kapab aplike?
Tout moun, kèlkeswa kondisyon sitwayènte yo oswa revni yo, gen pèmisyon pou aplike pou avantaj SNAP. |
|
Èske mwen bezwen gen yon Nimewo Sekirite Sosyal [Social Security Number (SSN)] pou mwen kalifye pou avantaj yo?
Anjeneral, pou kalifye pou avantaj SNAP, oumenm ak tout moun lakay ou dwe gen yon Nimewo Sekirite Sosyal [Social Security Number (SSN)] ki valab oswa ou dwe montre prèv ki endike ou aplike pou youn. Si ou gen yon SSN, ou kapab antre li lè w ap ranpli aplikasyon ou sou ACCESS HRA oswa ou kapab ban nou li lè w ap pale avèk yon anplwaye pou travay sou aplikasyon ou. ACCESS HRA kenbe tout enfòmasyon ou an sekrè ak pwoteje. Si ou aplike pou avantaj SNAP sou non pitit ou yo epi si ou pa gen papye imigrasyon, ou pa bezwen aplike pou yon SSN, epi nou pa kapab fè aksyon defavorab kont moun lakay ou ki kalifye. Pitit ou yo (sof si yo pa gen papye imigrasyon) dwe gen yon SSN valab oswa ou dwe prèv ou te aplike pou youn pou yo kalifye pou avantaj SNAP.
Kisa pou mwen fè si mwen pa gen yon SSN? Si ou aplike pou avantaj SNAP men ou gen yon SSN, ou ka toujou kalifye pou avantaj yo. Yon anplwaye ap diskite sou chwa ou yo pou avantaj yo pandan entèvyou ou pou nou travay sou aplikasyon ou. Ou kapab konnen kijan pou aplike pou yon SSN la a:
Nimewo Ak Kat Sekirite Sosyal
|
|
Èske kondisyon imigrasyon mwen pral afekte kalifikasyon mwen?
Ou kapab aplike epi ou resevwa avantaj SNAP pou moun nan kay la (yo) ki kalifye, menmsi oumenm oswa lòt moun lakay ou pa kalifye pou avantaj yo akòz sitiyasyon imigrasyon yo. Pa egzanp, paran ki pa sitwayen ameriken ki pa kalifye oswa paran ki pa gen papye imigrasyon kapab aplike pou avantaj SNAP epi resevwa avantaj yo pou timoun ki kalifye yo menmsi paran an pa kalifye.
Ou ka kalifye pou Avantaj SNAP si ou se yon sitwayen Etazini (U.S.), yon moun ki pa sitwayen Etazini (moun ki fèt nan Samowa Ameriken oswa sou Zile Swain), oswa yon etranje kalifye (tankou yon refijye). |
|
Kisa yon "kay ki nan SNAP" ye?
Anjeneral, yon "kay ki nan SNAP" gen ladan tout moun ki achte manje epi ki prepare repa yo ansanm. Moun yo pa gen pou yo fè pati menm fanmi an pou yo nan menm kay k ap resevwa SNAP.
Men, moun ki fè pati nan menm fanmi an, oswa sèten moun, souvan dwe endike nan yon kay ki nan SNAP menmsi yo pa achte manje ni prepare repa yo ansanm.
Men kèk egzanp:
- Madanm ak mari k ap viv ansanm;
- Moun ki poko gen laj 22 zan epi ki se pitit yon moun nan kay la;
- Timoun ki poko gen laj 18 tan anba kontwòl yon moun nan kay la kòm paran.
Yon kay kapab nenpòt sa ki endike anba la a:
- Yon moun k ap viv poukont li,
- Yon moun k ap viv avèk lòt moun men ki achte manje epi ki prepare repa yo apa;
- Yon gwoup moun ki viv ansanm epi ki achte ak prepare manje ansanm pou yon gwo kantite repa pa mwa
NÒT: Si w ap viv avèk yon kamarad chanm epi ou pa ni achte manje ni prepare manje ansanm avèk li, tanpri mete non kamarad chanm ou sou aplikasyon an epi antre “Non” nan seksyon Enfòmasyon sou Kay la pou kesyon ‘Èske li achte epi prepare manje avèk ou?”
NÒT: Yon moun ki lwen lakay ou pou sèvis militè pa konte kòm yon moun nan kay ki nan SNAP. |
|
Kisa yon reprezantan otorize ye?
Yon reprezantan otorize se yon moun ki konnen sikonstans kay la epi ki kapab aplike pou avantaj SNAP pou ou. Ou kapab otorize yon moun ki pa lakay ou pou resevwa avantaj SNAP pou ou, epitou ou kapab pèmèt moun sa a achte manje pou ou avèk kat avantaj SNAP ou (Kat EBT). Si ou ta renmen otorize yon moun, ou dwe fè sa alekri.
Nòt: Tout reprezantan yo dwe gen otorizasyon alekri moun ki aplike/benefisyè a oswa lòt manm adilt responsab kay la.
Nou rekòmande, men pa obligatwa,pou tout moun ki aplike/benefisyè yo itilize
Fòm Reprezantan Otorize sa a lè y ap chwazi yon reprezantan otorize pou yo aplike pou avantaj SNAP oswa pou yo resevwa avantaj yo.
|
|
Kisa aplikasyon an ap mande?
Aplikasyon an pral poze ou kesyon sou:
- Moun k ap viv lakay ou, ansanm ak laj yo, sa yo ye pou ou, ak kondisyon imigrasyon yo.
- Lajan moun lakay ou touche nan moman an lè yo travay nan yon djòb oswa nan travay endepandan.
- Lajan moun lakay ou resevwa nan lòt sous tankou (men pa sèlman), lajan yo resevwa nan Avantaj Asirans Chomaj, Konpansasyon Travayè, Avantaj Sekirite Sosyal, Sipò Timoun, ak Revni Sekirite Siplemantè.
- Bòdwo ak depans kay ou peye chak mwa ansanm ak peman lwaye oswa peman prè ipotekè, elektrisite, chofaj, gadri oswa bòdwo medikal (ki peye oswa ki pa peye).
- Resous ki disponib pou moun lakay ou, tankou lajan kach yo gen nan men yo ak nan kont labank yo.
- Si nenpòt nan moun lakay ou enskri nan yon enstitisyon aprantisaj avanse, tankou kolèj, pwogram fòmasyon pou jwenn travay, biznis, oswa lekòl pwofesyonèl.
N ap mande ou pou bay prèv kèk repons ou te bay. Tanpri gade FAQ sou egzijans dokiman yo pou jwenn plis detay. |
|
Èske aplikasyon pou SNAP sou entènèt diferan avèk aplikasyon pou SNAP sou papye?
- Nou ka poze ou kesyon yo yon fason diferan sou entènèt pase sou fòm papye a, men menm enfòmasyon yo ap obligatwa nan tout ka yo.
- Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration, HRA) detèmine si ou kalifye, kit ou soumèt aplikasyon ou sou entènèt oswa sou papye.
- Nou itilize menm metòd la nan HRA pou aplikasyon yo kit ou soumèt yo an pèsòn, sou entènèt, pa faks, kit ou soumèt yo pa lapòs.
|
|
Ki avantaj ki genyen pou soumèt yon aplikasyon ki ranpli sou entènèt ?
Men avantaj ki genyen lè ou soumèt yon aplikasyon okonplè:
- Sa ta dwe ede ou ekonomize tan pandan entèvyou ou avèk anplwaye Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration, HRA). Si ou bay plis enfòmasyon nan aplikasyon ou fè sou entènèt kounye a, anplwaye HRA ou ta ka gen mwens kesyon pou poze ou pita.
- Ou kapab kòmanse aplikasyon ou sou entènèt epi sovgade li jouk lè ou pare pou ranpli ak soumèt li.
Tanpri sonje tank ou soumèt yon aplikasyon ou ranpli pi bonè, tank n ap revize aplikasyon ou pi bonè epitou tank n ap pran yon desizyon pi bonè.
Enfòmasyon sa yo ap detèmine dat anrejistreman aplikasyon ou. Nan pifò ka yo, si nou detèmine ou kalifye pou avantaj SNAP, n ap ba ou avantaj yo apati dat ajans lan te resevwa aplikasyon ou. Men, ou dwe fè pwosesis aplikasyon an, epi nou dwe fè entèvyou avèk ou pou nou detèmine si ou kalifye.
|
|
Ki kantite enfòmasyon minimòm ki obligatwa pou remèt aplikasyon mwen?
Kantite minimòm enfòmasyon ou dwe bay pou soumèt aplikasyon ou se:
- Non ou
- Adrès ou (si ou gen youn)
- Siyati elektwonik ou
Enfòmasyon sa yo ap detèmine dat anrejistreman aplikasyon ou. Nan pifò ka yo, si nou detèmine ou kalifye pou avantaj SNAP, n ap ba ou avantaj yo apati dat ajans lan te resevwa aplikasyon ou. Men, ou dwe fè pwosesis aplikasyon an, epi nou dwe fè entèvyou avèk ou pou nou detèmine si ou kalifye.
Nòt: Ou ta dwe ranpli tout seksyon ou kapab nan aplikasyon anvan ou soumèt li, sa ta dwe redui kantite tan ki nesesè pou fè entèvyou sou kalifikasyon ou avèk yon anplwaye Administrasyon Resous Imèn. |
|
Ki avantaj ki genyen pou reponn kesyon 'Verify your Identity' (verifye idantite ou)?
Si ou reponn kesyon 'Verify your Identity' kòrèkteman, Administrasyon Resous Imèn kapab konfime idantite chèf kay la / kontak prensipal la imedyatman, epitou ou p ap bezwen soumèt dokiman yo (pa egzanp: kat sekirite sosyal oswa batistè) pou pwouve idantite yo apre ou soumèt aplikasyon ou. |
|
Kisa sa vle di pou ‘Fikse Dat Aplikasyon ou’?
Dat Aplikasyon an fikse nan jou ou siyen sou fòm elektwonik nan ak nan jou ou soumèt aplikasyon ou ba Administrasyon Resous Imèn. Si ou kalifye pou avantaj SNAP, n ap ba ou yo apati dat ou depoze aplikasyon ou.
Si ou soumèt aplikasyon ou sou entènèt apre lè biwo fèmen, dat aplikasyon ou ap pwochen jou ouvrab la.
Ou gen pèmisyon pou soumèt aplikasyon ou epi pou fikse dat aplikasyon ou menmsi ou pa fini tout aplikasyon an. Tanpri sonje nou pa kapab detèmine si ou kalifye jouk lè ou bay tout enfòmasyon ak dokiman ki obligatwa yo. |
|
Ki chanjman mwen dwe deklare bay SNAP epi kilè mwen dwe deklare yo?
|